Pap Emerit Benwa 16 Mouri

“Jezi, mwen renmen w!” Se dènye pawòl Pap Benwa t ap repete a 3 zè di maten, jou Samdi ki te 31 Desanm 2022 a, anvan li trepase epi pati pou peyi san chapo.

Pap Benwa se te yon Alman. Li te fèt 16 Avril 1927. Bon non li se Joseph Aloisius Ratzinger.

Pap Benwa te dirije Legliz la soti nan lane 2005 pou rive nan lane 2013. Li te bay demisyon l 11 Fevriye 2013 akoz pwoblèm sante . Bagay ki pat janm fèt depi sou Pap Gregory 12 nan lane 1415. Li te patisipe nan Konsil Vatikan 2. Li te yon gwo Tewolojyen.

Pap Benwa mouri lakay li, 31 desanm 2022, a 9:34 nan maten. Li te gen 95 lane. Sekretè li rakonte koman li tap repete: “Jesus, Ich Liebe Dich!” Jezi mwen renmen w!

Soti 2 Janvye pou rive 5 Janvye 2023, Kadav Pap Benwa 16 ap rete ekspoze nan Bazilik St Pyè nan peyi Itali. Antèman an ap fèt 5 Janvye sou Plas St Pyè a 9:30 nan maten. Se Pap Franswa ki ap chante antèman sa.

Se pou nanm li repoze ak kè poze!

Laisser une réponse