Pi Lafwa Ayisyen se yon pwojè ki soti nan yon tèz disètasyon Filomèn Peyan tap prezante, pou l te genyen doktora li nan pastoral. Li tap defann enpòtans lang kreyòl kòm zouti pou Ayisyen eksprime lafwa yo. Li te touve l nesesè pou l pa pale sèlman, men pou kreye yon sit kòm aksyon konkrè. Lè li pataje lide sa ak Jan Peyan, ki se Enjenyè nan Enfòmatik; Jan dakò pou l ofwi travay li gratis. Depi 2015, Pi Lafwa Ayiti ap bay sèvis nan ofwi lamès chak jou, chaplè, chante, enfòmasyon, litiji, fòmasyon pastoral, nouvèl, elatriye. Tout bagay sa yo nan lang manman nou, ki se kreyòl Ayisyen an.