Direktè: Marie Philomène Péan, D.Min., BCC.
Mwen rele “Marie Philomène Péan.” Ti non jwèt mwen se Filo. Mwen gen yon doktora nan pastoral. Mwen diplome kòm Akonpayatè Espirityèl, sa nou rele direksyon espirityèl la. M se yon Chaplèn tou, ki ka travay nan tout domèn pastoral. M te travay Ayiti pandan 10 lane nan Chapèl Lili (Akayè), kòm Akonpayatè Espirityèl. M te travay tou pandan 17 lane, nan Pawas Imakile Konsepsyon Èvrèt (Boston), kòm Asistan Kire.
Rèv mwen pou ‘Piayiti.org’, se pou tout moun jwenn pwovizyon lafwa yo, nan lang Kreyòl la; menm jan n al chèche dlo nan pi a. Ann mete men ansanm pou fè rèv sa rive!
Sekretè: Pierre Karlz Joseph Jean Paul
Non mwen se: Pierre Karlz Joseph Jean Paul. Tout moun rele mwen « Kalz« . Mwen gen yon diplòm nan Teknik Enfòmatik. Mwen se yon pwofesyonèl nan domèn « Planifikasyon Evènman ». Mwen te travay kòm enfòmatisyen, nan Bibliyotèk Nasyonal Ayiti pandan 10 lane. M te travay tou, pandan 17 lane, kòm Animatè Chapèl Lili. M gen anpil lòt eksperyans travay tou. Pa gen plas pou m mete tout. Kounyeya, m ap etidye nan peyi Etazini, epi travay kòm volontè nan Piayiti.org. Se yon gras Bondye fè m, paske li ban m opòtinite travay, men nan men, ak ekip Piayiti a. Sa ede m viv lafwa m epi kontinye pataje bòn nouvèl la ak tout moun. Map fè tout sa m kapab, pou m pibliye tout atik yo atan.
Trezorye : Jay McGowan .

Kolaboratè : Edson Point-du-jour
Epi m atire anpil zanmi pou abòne sou Piayiti.M pap travay, ni m ponkò ka ale nan inivèsite. Men m kontan rann sèvis, paske Bondye fè anpil pou mwen.
Kolaboratè : Johny Joseph Khoueiry
Kolaboratè:
-Pè Jean Bertin Saint Louis, SJ: Dirèktè Jounal Sous Lavi, Ayiti
-Dyak Levelt Michaud, SJ: Manb Fondatè Sous Lavi
-Pè Germain Clervau, SJ: Piblikasyon refleksyon chak Dimanch -Ekip Bouji Limen nan Nouyòk: Piblikasyon refleksyon chak Dimanch -Jean E. Péan, Enfòmatisyen: Kreyatè Sit la