MESAJ KOMISYON EPISKOPAL AYISYEN POU BIB LANAN OKAZYON DIMANCH PAWÒL BONDYE A

Frè ak Sè mwen renmen anpil yo, 

“ Pèp la ki te gaye lè l te nan ekzil la, twouve l rasanble kounye a alantou Liv Sakre a tankou “yon sèl Moun” (Neemi 8,1). Lè yo te li Liv Sakre a, Pèp la “t ap koute” (Neemi 8,3), etan li konnen li ap jwenn nan pawòl sa a sans evenman li tap viv yo” (Pap Franswa, Aperuit illis # 4). 

1-Komisyon Episkopal Ayisyen pou Bib la salye nou tout nan kè kontan Lespri Sen an. Men yon mesaj li voye pou nou menm ki resevwa Bib la nan lafwa kòm revelasyon ki sèten sou Pawòl Bondye a e ki rekonèt nan Pawòl lavi sa a yon lanp sou wout la ak yon limyè pou nou wè kote n ap mete pye nou. Tankou Nòt Sen Pè Pap Franswa te mande sa nan Lèt apostolik Motu proprio ki rele “Aperuit illis “la (“Li ouvri lespri yo” cf.Lik 24,45), li te pibliye jou yo sonje nan litiji a Sen Jewòm, yon gwo tradiktè Pawòl la, kidonk 30 sektanm 2019, Komisyon sa a raple nou 3èm dimanch Tan Òdinè nan kalandriye litijik la, ki tonbe ane sa a 23 janvye 2022, se Dimanch Pawòl Bondye a (Lèt Apostolik sou fòm Motu Proprio “Aperuit illi”s #2 ak 3). 

2- Pou nou tout ki renmen Liv Sakre yo se va yon gwo jou fèt nou konsakre pou nou fete Pawòl la, pou nou anonse li, pou nou koute li ak atansyon, pou nou medite li, pou nou reflechi sou li yon fason ki kòrèk, pou nou antre pi fon ladan li, pou nou devwale li e pou nou simaye li yon fason ki adapte ak règ kominikasyon nan tan n ap viv la. Ofon, sa mande pou nou fè Dimanch Pawòl sa a tounen yon jou enpòtan, san parèy, modèl ak referans ki kapab enspire nou chak jou epi ede nou jouwi bon gou Pawòl la, tounen dekouvri wòl li, enpòtans li, valè li ak pwa li genyen nan lavi ak nan misyon Legliz la. Plis toujou, Dimanch sa a dwe sitou ede nou reyalize nesesite pou nou toujou bay Pawòl la premye plas nan lavi pèsonèl, relijyez, sosyal, kominotè, kiltirèl, mistik, familyal, relasyonèl ak enstitisyonèl nou. 

3- Se pou tèt sa, Komisyon an envite tout fidèl yo ak tout gadyen yo nan chak Legliz lokal ansanm ak tout moun ki kwè nan pisans kreyasyon, pwodiksyon, pirifikasyon, gerizon, konsolasyon, transfòmasyon, liberasyon ak delivrans Pawòl lavi sa a, pou yo kite Pawòl sa a touche yo pou kè yo chanje, pou gerizon total kapital, pou konsolasyon, pou delivrans nanm , pou liberasyon lespri, pou yon leve byen vivan nan listwa ak pou remete tèt ansanm nan kominote nou yo. Komisyon an ankouraje nou chak ansanm ak tout kominote yo tounen nan sous Pawòl la ki nan Bondye limenm menm. Sa va ban nou kapasite depase endiferans anvè Pawòl la, janbe iyorans Liv sakre yo, fonn konfizyon yo sou premye plas Pawòl la dwe genyen., Sa va ede nou jwenn pi fasil zouti  pou tradwi ak simaye Bib la, pou nou louvri bra nou onivo tout Legliz la bay yon pastoral biblik global ak lokal kote nou angaje nou nan mache ak pawas yo ak ti kominote yo nan yon veritab animasyon biblik tout pastoral la dekwa pou nou ogmante konpetans ak responsabilite tout moun nan koze sa a. 

4- Komisyon an ankouraje tout fidèl yo ak tout pè yo pou yo vin pi familye e pi entim ak Liv Sakre yo. Se pou yo konprann byen Pawòl la vini pou tout moun e pou chak moun . Men tou, nou dwe travay nan Legliz la pou nou fè tout gason ak tout fi kapab li Pawòl Bondye a an libète, konkrètman e dirèkteman, etan y ap sèvi ak zouti ki nesesè yo dapre doktrin Legliz la ak Tradisyon an. Se pou yo kite Pawòl sa a chame yo , se pou yo kite dife renmen Pawòl sa a chofe kè yo pou yo ka toujou grangou Pawòl sa a chak jou. Prèch , katechèz , litiji , sèvis dyak, aksyon sosyal ak èd lacharite yo dwe toujou anrasinen nan Pawòl la epi yo dwe gen yon enspirasyon ak karaktè biblik. Gwoup apostola yo, mouvamn aksyon katolik yo, inisyativ espirityèl yo, pelerinaj yo, veye priyè yo, aktivite apostolik yo ak desizyon pastoral yo dwe fonde, dirije, gide ak oryante dapre Pawòl la. Pèsonn pa gen dwa sèvi ak Pawòl la tankou yon nechèl pou li monte sou yon podyòm. Pèsonn pa dwe ni pa gen dwa viretounen Pawòl la jan l pito pou li defann bagay ki pa kadre ak volonte Bondye. 

5- Se dwa Pèp la ki grangou Pawòl la pou li jwen li san pwoblèm nan lang li, nan kilti li, nan tradisyon li, nan koutim li ak nan lisaj li yo. Nou dwe ankouraje kreyasyon gwoup pou koute Pawòl la epi aprann moun yo sèvi ak metòd yo rele « Lectio Divina » a pou kont yo ak nan gwoup. . Komisyon an repete sa Konsil Vatikan 2 te di nan Konstitisyon dogmatik Dei Verbum nan : » Legliz te toujou venere e ap venere jodi a toujou Liv Sakre yo e li pa janm manke nouri tèt li ak Pawòl ki bay lavi a ». Komisyon an rekòmande, tankou Sen Pòl te mande tout kretyen yo sa, pou nou konsidere « Liv Sakre yo Bondye enspire yo tankou yon nouriti espirityèl ki itil pou anseye, konvenk , korije ak fè edikasyon » (2 Tim.3,16). Komisyon an konseye Pèp Bondye a pou li konsakre tan pou Pawòl la nan lavi li, pou li lapriyè ak Liv Sakre yo, pou li pa janm fin abitye ak  Pawòl a ni pase li nan jwèt . Okontrè, se pou li toujou nouri tèt li ak li. Se pou li toujou kapab fè lwanj pou li ak Sòm yo dekwa pou li tounen dekouvri jou apre jou nouvo frechè Pawòl la. Sa va pèmèt li viv an pwofondè ak nan yon fason ki pi rapwoche, relasyon li avèk Bondye e avèk frè l ak sè li yo. 

6- Komisyon an salye, yon fason espesyal, travay tradiksyon ak piblikasyon Bib la nan lang kreyòl ayisyen ansanm ak fòmasyon biblik manb Asosiyasyon Biblik Katolik Ayisyen an (ABIKA) ap reyalize yo. Li ankouraje ABIKA kenbe fèm nan kontinye misyon sa a Konferans Evèk Ayiti yo  konfye li a. Konsa sou wout Emayis nou yo, Jezi ki leve byen vivan an va kontinye « louvri entèlijans nou pou nou konprann Pawòl la » (Lik 24, 45). 

7- Pou l fini, Komisyon an konseye Dyosèz yo ak Pawas yo ensiste plis toujou sou nouvo ministè layik yo rele lektora a Pap Franswa tounen mete nan Legliz la. Se pou yo mete kanpe plizyè « Lekòl Pawòl la » pou enterese ajan pastoral yo, sa ki jèn ak sila ki mwen jèn yo, pranresponsabilite yo ak Pawòl Bondye a. Komisyon an envite kominote yo, Pawas yo, chapèl yo pou yo òganize distribisyon Liv Pawòl Bondye a lè gen fèt, nan preparasyon katekimèn yo sou chimen inisiyasyon kretyèn yo ak lè fidèl yo ap resevwa sakreman yo. Komisyon an mande katolik yo pou yo tounen ak tradisyon fè pwosesyon Pawòl l nan litiji dimanch yo . Se lektè ki prepare pou sa yo dwe konfye pwoklamasyon Pawòl la. Komisyon an envite Pèp la kanpe tankou yon sèl Moun, menm jan nou wè sa nan Liv Neemi an, Pap Franswa site nan Aperuit illis la, pou li koute Pawòl Bondye a. Se pou li bese tèt devan li pou li di : « Amèn ! Amèn ! » (Neemi 8,6). Plis toujou Komisyon an ensiste , tankou Neemi, pou li di Pawòl la prezan tout bon vre nan kalite laswenyay ak nan kalite sèvis nou bay sa ki defavorize yo, nan atansyon nou bay sila ki pi frajil yo ak pi pòv yo  nan kè kontan (Neemi 8, 12). Epi, « Tout sa GranMèt la va di nou : Fè li ! » (Jan 2,1-12). 

8- Se pou Dimanch Pawòl Bondye a se yon tan ak yon espas pou nou tounen jwenn frechè Pawòl la ki klere lavi nou e ki ba li fòs. Legliz dwe toujou kapab refòme tèt li epi tounen jwenn jenès li, ak enèji li gras a Pawòl la ki pap janm vieyi e ki pap janm fini. Legliz dwe rete nan Pawòl la paske, tankou Sen Bèna te di li : « Si Legliz la kenbe Pawòl Bondye a fèm, Pawòl Bondye a va kenbe Legliz la fèm tou » 

Mesaj sa a soti Pòtoprens, nan kay Konferans Evèk Ayiti yo, jou Dimanch Pawòl Bondye a, nan dat 23 janvye 2022. 

____ _____________________________ 

Mgr Pierre-André DUMAS 

Evèk diosèz Ansavo ak Miragwàn 

Prezidan Komisyon Episkopal Ayisyen pou Bib la