
Òdinè Lamès La
KÒMANSMAN
Pè a : O non Papa, ak Pitit la, ak Lesprisen an.
Fidèl yo: Amèn!
Pè a : Favè Jezikri Granmèt nou,
lanmou
Bondye Papa a,
ansanm
ak Lesprisen an toujou avèk nou tout.
Fidèl yo: E avèk ou menm tou
SALITASYON
N AP MANDE PADON
Pè a: Frè m yo ak sè m yo, avan nou antre pi fon nan selebrasvon nou an, an nou rekonèt nou se pechè, an nou mande Bondve padon!
Pè a epi tout Fidèl yo : Devan Bondve ki gen tout pouvwa, devan nou menm tou frè m ak sè m yo mwen rekonèt mwen fè anpil peche, nan sa mwen panse, nan sa mwen di, nan sa mwen fè. Mwen rekonèt tou, mwen pa fè sa pou m te fè. Tout sa se fot mwen. Se pou sa mwen mande Mari ki sen e ki toujou rete vvèj, tout zanmi Bondve ki nan syèl, epi nou menm tou, frè m ak sè m yo, lapriyè Bondye, Granmèt nou an, pou mwen.
Pè a : Se pou Bondye ki gen tout pouvwa, gen pitye pou nou, se pou l padone peche nou, pou l mennen nou nan lavi ki p ap janm fini an.
Fidèl yo : Amèn!
CHANTE
Granmèt, pitye pou nou. / Granmèt pitye pou nou! /
Jezikri, pitye pou nou. / Jezikri pitye pou nou! /
Granmèt, pitye pou nou. / Granmèt pitye pou nou!/
GLORIYA
Viv Bondye nan syèl la. Sou tè a, se pou moun Ii renmen yo viv ak kè poze. N ap fè Iwanj pou ou. N ap di jan ou debyen. Se ou n ap adore. N ap fè bèl konpliman pou ou. N ap di ou mèsi pou valè bèl ou bèl. Bondye, ou se Granmèt, ou se Wa nan syèl la. Bondye ou se Papa, Ou genyen tout pouvwa. Jezikri, ou se Granmèt, ou se sèl Pitit. Ou se Bondye, ou se Granmèt. Ou se Mouton Bondye a. Ou se Pitit Papa a. Ou menm ki wete peche sou tè a, tanpri pitye pou nou. Ou menm ki wete peche sou tè a, koute priyè nou an. Ou menm ki chita adwat Papa a, tanpri pitye pou nou. Jezikri, se ou menm sèl ki sen, ou menm sèl ki Granmèt, ou menm sèl ki anwo nèt, ansanm ak Lesprisen an, nan bèlte Bondye Papa a. Amèn
LlTIJI LAPAWÒL
Premye lekti …
Lektè a Apre lekti a : Sa se Pawòl Granmèt la
Fidèl yo : Mèsi BONDYE, mèsi
Sòm
Dezyèm lekti
Lektè a Apre lekti a : Sa se Pawòl Granmèt la …
Fidèl yo : Mèsi BONDYE, mèsi
Levanjil
Pè oubyen dyak la : Granmèt la avèk nou tout.
Fidèl yo : E avèk ou menm tou.
Pè oubyen dyak la : Men bòn nouvèl Jezikri a dapre … ki Sen.
Fidèl yo: Lwanj pou ou Granmèt.
Apre levanjil la
Pè oubyen dyak la : An nou fè Iwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
Fidèl yo: Lwanj pou ou, Granmèt.
KREDO
Mwen kwè gen yon sèl Bondye. Se Papa a, Ii gen tout pouvwa. Li kreye syèl la ak tè a, Ii fè tout sa moun wè ak tout sa moun pa wè. Mwen kwè gen yon sèl Granmèt, se Jezikri, sèl Pitit Bondye a. Li se Pitit Papa a depi anvan toutan. Li se Bondye nan Bondye a, Limyè nan Limyè a, Bondye toutbon vre nan Bondye toutbon vre a, Li se Pitit, men se pa kreye yo kreye Ii. Li se menm Bondye ak Papa a. Se pa Pouvwa Ii tout bagay fèt. Se pou tout moun, se pou l vin sove nou, Ii desann sot nan syèl. Se pa pouvwa Lesprisen an Ii vin fèt nan vant Mari ki Vyèj e Ii tounen yon moun. Se poutèt nou toujou, yo kloure Ii sou yon kwa. Li soufri, sou rèy Pons Pilat, e yo antere Ii. Sou twa (3) jou Ii leve, jan Labib la te di, Ii monte nan syèl e Ii chita adwat Papa a. Li gen pou l retounen avèk tout pouvwa Ii pou l jije ni moun k ap viv ni moun ki mouri, e Ii va wa pou toutan. Mwen kwè gen Lesprisen an. Li se Granmèt e Ii bay lavi. Li se Lespri Papa a ansanm ak Pitit la. Yo adore l ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit la, e Ii jwenn menm Iwanj avèk yo. Se Ii ki t ap pale lè pwofèt yo t ap pale. Mwen kwè gen yon sèl Legliz ki fè yon sèl kòt fanmi. Li sen. Li la pou tout moun. Se sou Apot yo Ii bati. Mwen rekonèt gen yon sèl batèm pou padone peche. M ap tann tout mò leve, m ap tann lavi k ap vini an. Amèn.
LAPRIYÈ lNIVÈSÈL
N AP OFRI SAKRIFIS JEZIKRI A
Pè a: Mèsi Bondye, sèl mèt syèl la, ak tè a. Mèsi Bondye, pou jan ou renmen bay. Pen n ap ofri ou la, se nan men ou nou jwenn Ii. Se tè a ak travay nou ki fè Ii. Pou Ii kapab tounen pen ki bay lavi a, Papa Bondye, men Ii.
Fidèl yo: Mèsi Bondye, jodiya e pou tout tan!
Pè a: Menm jan dlo sa mele ak diven an. Bondye, fè nou rantre nan ras ou, menm jan ou te rantre nan ras nou.
Pè a: Mèsi Bondye, sèl mèt syèl la ak tè a. Mèsi Bondye, jan ou renmen bay. Diven n ap ofri ou la a, se nan men ou nou jwenn Ii. Se tè a ak travay nou ki fè Ii. Pou l kapab tounen yon bwason pou nanm nou, Papa Bondye, men Ii.
Fidèl yo: Mèsi Bondye, jodiya e pou tout tan!
Pè a: Granmèt, nou pa anyen devan ou, e nou rekonèt nou koupab. Tanpri, resevwa nou pou sèvis nou an jodiya k ap fè ou plezi toutbon vre.
Pè a(ansilans):Granmèt, lave dènye peche mwen yo, pwòpte mwen nèt, tanpri.
Pè a: Frè m yo, an nou lapriyè ansanm, pou Granmèt la kontan lanmès sa a ki se sèvis legliz la.
Fidèl yo: Wi, se Iwanj pou Bondye se benediksyon pou nou menm ak pou tout moun.
LAPRIYÈ SOU OFRANN NAN
Pè a (Apre lapriyè sou ofrann nan) : … Pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an.
Fidèl yo: Amèn.
LAPRIYÈ SAKRIFIS LA
Pè a: Granmèt la avèk nou tout.
Fidèl yo: E avèk ou menm tou.
Pè a: An nou leve kè nou byen wo
Fidèl yo: Yo deja devan Granmèt la.
Pè a: An nou di Bondve Granmèt nou an mèsi.
Fidèl yo: Li merite sa vre.
PREFAS I KOMEN
Wi, ou merite sa reyèlman vre, e se yon devwa pou nou, se yon delivrans pou nou. Granmèt, Papa ki sen, BONDYE ki gen tout pouvwa, ou menm ki la depi tout tan e pou tout tan, ou merite nou di ou mèsi, tout tan e tout kote, pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou. Se Ii ou remèt tout bagay, pou Ii mete yo anfòm pou ou. Se nan tout kantite byen l yo, ou fè nou jwenn favè sou favè. BONDYE, Jezikri ki menm jan avèk ou, te mete tèt Ii ba nèt, lè Ii tounen moun pou Ii fè kè tout moun poze ak san l ki koule sou kwa a. BONDYE, se pou sa ou mete l anwo nèt, pou tout bagay sou zòd Ii, paske se Ii ki sèl sovè a, pou tout tan. BONDYE, se pou sa, se poutèt pouvwa pa ou, nou kontan mete ansanm ak tout mesaje ou yo pou nou chante san rete:
Prefas Mèkredi Lesann
Wi, ou merite sa reyèlman vre, e se yon devwa pou nou, se yon delivrans pou nou. Granmèt, Papa ki sen, Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm ki la depi tout tan e pou tout tan, ou merite pou nou di ou mèsi tout tan e tou kote poutèt JeziKri, sovè nou an. Chak ane, ou bay tout moun ki nan sèvis ou yon tan espesyal pou yo mache avèk Jezi ki soufri, ki mouri, epi ki leve byen vivan pou delivrans nou. Se nan kè kontan n ap fè jefò sa yo, etan n ap sòti anba peche, pou nou sèvi ou ak tout fòs nou. Se yon sezon pou nou lapriyè pi byen, e pou nou travay pi plis pou frè n ak sè n yo. Se yon sezon tou, pou nou antre pi fon nan tout sous lavi Jezi mete nan Legliz li a pou nou kapab fèt yon dezyèm fwa, oubyen pou nou kapab grandi nan lavi tounèf li pote ban nou an. Konsa, n a tounen pitit ou toutbon vre e n a jwenn tout favè ou pwomèt moun Jezi vin sove yo. Bondye, se pou sa, se poutèt pouvwa pa ou, tout mesaje ou yo ki nan syèl la, kontan mete ansanm pou yo chante san rete: Se ou ki sen, se ou ki sen….
Prefas karèm (Premye dimanch)
Wi, ou merite reyèlman vre pou nou di ou mèsi tout tan e tout kote, poutèt Jezikri, Pitit ou, ki vin delivre nou. Li rete 40 jou nan savann dezole a, san li pa manje, nan mitan tout kalite antrav. Men Bondye Papa, ou pa janm lage l epi li sòti nan pèlen yo te tann anba pye li, pi vanyan pase satan, pi fò pase peche. Nan evènman sa a, Jezi t ap fè nou sonje kouman pèp ou a ki te sòti nan esklavaj nan peyi Lejip la, te pase 40 lane nan grangou ak nan lòt gwo tribilasyon. E menm si pèp la, li menm, te rive tonbe, ou pa t kite l drive atè, ou te mete l kanpe sou de pye li, ou te mache avèk li, jouk li rive nan peyi ou te pwomèt li a. Bondye Papa, n ap fè lwanj pou ou. Nou konnen se pou nou, tout istwa sa yo rive. Ou vle n aprann konte sou fòs ou pou n goumen ak pwòp peche pa n yo, ak tout peche sosyete a, ni nan tan Karèm nan, ni chak jou n sou tè a, pou nou pa tonbe nan okenn esklavaj e pou n rive jwenn libète ak piyay lavi. Konsa n a makonnen ansanm ak Jezi, n a mouri ansanm avè l nan fini nèt ak peche, e n a leve byen vivan nan lavi tounèf Fèt Pak la n ap pare a. Bondye Papa, gade Pèp nouvo Kontra a, k ap fè lwanj jodi a pou tout mèvèy ou sa yo, e ki sòti pou lavi li tonbe dakò ak kalite kado sa a. E pou konpliman nou yo fè ou pi plis plezi toujou, nou vle mete ansanm ak tout zanmi ou ki nan syèl la k ap chante san rete :
Prefas karèm II (Dezyèm dimanch)
Wi, ou merite reyèlman vre pou nou di ou mèsi tout tan e tou kote, ou menm Papa ki sen, Bondye Granmèt ki gen tout pouvwa, poutèt JeziKri, Pitit ou renmen an. Apre li anonse patizan l yo, lè a rive pou l pase mati, pou l mouri, li fè yo wè davans rezilta soufrans pitit sa a ki toujou swiv volonte Papa a. Se konsa, anwo mòn nan, devan Moyiz ak Eli, li ba yo yon ti goute nan lavi tounèf, kote l t apral antre a. Bondye ou merite konpliman pou sa k pase a; se yon mèvèy ki ban nou espwa, yon mèvèy ki soutni kouraj nou. Jezi mande n pran kwa nou pou nou mache dèyè li. Li se chèf nouvo Pèp ou a, ki ouvè wout pou nou, ki montre n bliye tèt nou, pou frè n ak sè n yo. Men, nan evènman jodi a, li vle nou aprann deja, monte kalvè a se pa tout sans lavi a, kwa a se yon chemen ki mennen nan limyè ak piyay lavi Fèt Pak la. Wi, Bondye Granmèt, papa ki sen, se konsa ou trete Pitit ou renmen an, se konsa tou, ou trete patizan l yo ki pran menm wout avè l. Gade Pèp ou a ki rasanble nan sèvis sa a pou l chante lwanj ou poutèt bèl kado sa yo, e pou konpliman nou yo fè ou pi plis plezi toujou, n ap mete ansanm ak tout zanmi ou ki nan syèl la, k ap fè lwanj pou ou, e k ap chante san rete. Se ou ki sen, se ou ki sen …
Prefas karèm III (Twazyèm dimanch)
Wi, ou merite reyèlman vre pou nou di ou mèsi tout tan e tout kote, ou menm Papa ki sen, Bondye Granmèt ki gen tout pouvwa, poutèt Jezikri, Sovè nou. Jezi sèvi ak sa ki kreye ak sa nou wè toulejou pou l fè nou konprann sekrè lavi Bondye a pi byen. Se konsa, devan sous Jakòb la, li bay madanm Samari a lafwa tankou lapli ki tonbe nan tè sèk. Li mete renmen Bondye nan kè pechè sa a tankou gran rivyè k ap pote lavi tounèf nan yon jaden ki fin deperi. Wi, Papa ki sen, n ap di ou mèsi pou Jezi k ap envite nou menm tou chita koze ak li pou l di nou nan tètatèt kilès li ye tout bon, pou l di nou kouman li renmen nou. Nou kwè reyèlman vre Pawòl li toujou vivan, e menm si nou se pechè, li mete pou nou nan Legliz li a plizyè sous ki bay lavi ki p ap janm fini an. Se mèvèy sa a Jezi vin fè sou tè a, se sa n ap sonje nan sèvis legliz nou an, se sa n ap pare pou n fete yon jan espesyal nan Semèn Sent la ak nan tout sezon fèt Pak la. Bondye Granmèt, men Pèp ou a rasanble jodi a pou l rekonèt jan ou konprann li byen ak jan ou sansib pou li. Tanpri, aksepte lwanj nou yo, aksepte mèsi nou yo, e pou konpliman nou yo sòti pi bèl toujou, n ap mete ansanm ak tout zanmi ou ki nan syèl la pou nou chante san rete.
Prefas karèm IV ( Katriyèm Dimanch)
Wi, ou merite reyèlman vre pou nou di ou mèsi tout tan e tout kote, ou menm Papa ki sen, Bondye Granmèt ki gen tout pouvwa, poutèt mèvèy ou fè nan lavi moun ki swiv Pawòl ou yo. Jodi a n ap fete Jozèf ki marye ak Mari, e ki antre nan pwòp lavi pa ou, nan bèlte kote ou ye a. Se yon nonm debyen ki te marye ak Mari ki vyèj e ki manman Bondye. Se yon moun serye, se yon nèg lespri ou te mete reskonsab byen ou yo. Se pa pouvwa Lesprisen an sèl grenn Pitit ou a vin fèt nan vant Mari, e se Jozèf ou te chwazi pou okipe Jezikri, Granmèt nou an, tankou yon papa ta okipe pwòp pitit li. Malgre tout gwo wòl sa a, Jozèf pa kouri dèyè grandè. Se bòs chapant ki travay ak de men l yo pou li jwenn lavi pou fanmi li, se sèvitè serye ki bay Pawòl Bondye a premye plas nan lavi a. Konsa, Bondye Papa, ou chwazi sa ki san valè nan je moun pou ou montre aklè ni pouvwa ou, ni bon kè ou, e pou ou fè nou jwenn delivrans ou a. Bondye Papa, nou rasanble la jodi a, pou n fè lwanj pou ou, poutèt tout mèvèy sa yo. E pou fèt nou an kapab soti pi bèl toujou, nou vle mete ansanm ak Jozèf, ansanm ak tout zanmi ou ki nan syèl la, pou nou chante san rete: Se ou ki sen, se ou ki sen…
Prefas Anonsyasyon
Wi ou merite sa reyèlman vre e se yon devwa pou nou, se yon delivrans pou nou. GRANMÈT, PAPA ki sen, BONDYE ki gen tout pouvwa, ou menm ki la depi tout tan e pou tout tan, ou merite nou di ou mèsi tout tan e tout kote, pa pouvwa Jezikri, GRANMÈT nou. Se li menm sa ki te oblije, pou l te ka sove nou, vin fèt sou tè a nan mitan nou. Se li menm lanj Gabriyèl te vin anonse Mari ki Vyèj ki resevwa l avèk lafwa, pa pouvwa LESPRISEN an. Se li menm Mari te pote avèk respè nan vant li. Li te vin reyalize pwomès BONDYE te fè Izrayèl. Li te vin kontante, depase mezi, espwa tout pèp sou tè a. BONDYE, se pa pouvwa JEZIKRI toujou, tout mesaje ou yo fè lwanj pou ou, tout zanmi ou yo ki nan syèl la kontan mete ansanm pou yo fè fèt pou ou.Tanpri souple, n ap mande ou, pou ou kite nou mete vwa pa nou avèk pa yo, pou nou kapab chante ansanm avèk yo san rete
SANCTUS
Se ou ki sen, se ou ki sen, se ou ki sen toutbon. Bondye se ou ki Granmèt tout sa ki nan syèl la, bèlte ou plen syèl la ak tè a. Viv Bondye nan syèl la. Bravo pou sila k ap vini onon Granmèt la. Viv Bondye nan syèl la !
Granmèt, se ou ki sen toutbon, e tout sa ki sen, se nan ou Ii soti. Tanpri, fè Lespri ou mete kado sa yo apa pou ou: konsa, se pou avantaj nou, y a tounen kò ak san Jezikri, Granmèt nou pitit ou.
*Lè Jezi aksepte soufri pou pwòp volonte pa l, jou yo trayi l la, Li pran pen an, Li di ou mèsi. Li beni l, Li kase l, Li bay patizan l yo, Li di yo : « Pran manje ladan l nou tout, reyèlman vre, sa se kò mwen, m ap bay pou nou an. »
*Menm jan tou, lè yo fin manje, Li pran kalis la. Li tounen di ou mèsi, Li beni Ii, Li bay patizan l yo, Li di yo : « Pran, bwè ladan l nou tout, Reyèlman vre, sa se san mwen. Se san lòt kontra a, ki va la pou toutan. Se san ki pral koule pou nou an, ak pou tout moun, Pou padone peche. Fè sa pou nou sonje mwen. »
*Ala yon bèl mèvèy, nou pa kapab fin konprann Ii, men nou kwè l.
ANAMNÈZ
Pè a epi fidèl yo: Granmèt, n ap anonse ou mouri ! N ap deklare ak kè kontan ou leve byen vivan. N ap tann ou retounen ak tout otorite !
Pè a : Granmèt, se nan sonje Jezi te mouri epi Ii leve byen vivan, n ap ofri ou pen ki bay lavi a, ak kalis ki pote delivrans nan. N ap di ou mèsi, paske ou fè nou merite parèt devan ou, pou nou sèvi ou. Tanpri, Granmèt, fè Lesprisen an rasanble nou fè yonn, poutèt kò ak san Jezikri n ap manje a.
*Granmèt sonje Legliz ou a ki gave sou tè a: fè Ii fin renmen ou nèt. Sonje pap Franswa, sonje monGranmèt ( ), ansanm ak tout moun ki reskonsab patizan ou yo.
Sonje tout frè nou yo ki mouri ak espwa ou va fè yo leve yon jou. Sonje
tout lòt moun ki mouri yo tou, resevwa yo lakay ou, nan limyè ou la.
*Tanpri, fè nou gras. Fè nou merite jwenn lavi ki p ap janm fini an, ansanm ak
Mari ki Vyèj e ki manman Bondye, ansanm ak sen Jozèf mari Ii, ansanm ak tout
zanmi ou, ki te mache nan chemen ou, lè yo t ap viv sou tè a. Konsa n a fè
Iwanj ak konpliman pou ou, pa pouvwa Jezikri pitit ou.
GWO LWANJ
*Bondye Papa nou, ou menm ki gen tout pouvwa, e ki fè yonn ak Lesprisen an, se pa pouvwa Jezikri, se avèk Ii, se onon Ii, Ou jwenn tout kalite Iwanj ak konpliman, depi toutan e pou toutan. Amèn!
LAKOMlNYON
Kòm nou fè yonn nan Lesprisen an, nou kapab di avèk konfyans lapriyè Jezi sovè nou te montre nou an :
Pè a epi fidèl yo :
Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se ou ki wa, se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen chak jou a, ba nou Ii jodiya. Padone sa nou fè ou, tankou nou padone moun ki fè nou kichòv, Pa kite nou pran nan pyèj, men, delivre nou anba tout sa ki mal.
Pè a: Granmèt, tanpri souple, delivre nou ak tout sa ki mal, fè kè nou poze pandan tout lavi nou. Ede nou pou jan ou gen bon kè. Delivre nou nèt ak tout peche nou yo, e pwoteje nou, pou okenn malè pa rive nou. N ap espere byen ou pwomèt nou an: Sovè nou, Jezikri, k ap vini an.
Fidèl yo : Paske se ou menm sèl ki wa se ou menm ki gen tout pouvwa se ou sèl ki merite konpliman pou toutan.
LAPÈ:
Pè a: Jezi, Granmèt, se ou k te di apot ou yo : Mwen montre n byen viv ansanm, se sa mwen vin pote ban nou. Tanpri pa gade sou peche nou yo, gade pito jan Legliz ou a kwè nan ou! Nou mande ou, pou nou vin fè yonn, jan ou vle a, Ou menm ki vivan e ki Wa, depi toutan e pou toutan.
Fidèl yo: Amèn.
Pè a: Se pou Granmèt la montre nou byen viv ansanm. Se pou Ii toujou avèk nou tout.
Fidè! yo : E avèk ou menm tou.
Pè a ou byen dyak la : Frè m ak sè m yo, montre nou konn viv byen yonn ak lòt.
AGNUS DEI:
Jezi, ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a,
R : tanpri, pitye pou nou.
Jezi ou menm mouton Bondye ki wete peche sou tè a,
R : tanpri, pitye pou nou.
Jezi, ou menm mouton Bondve ki wete peche sou tè a,
R: vin fè kè nou poze.
Apre sa, ak men l kontre, pè a di tou ba nèt :
Jezikri Granmèt, ou menm PITIT BONDYE, e avèk tout pouvwa LESPRISEN an, ou te mouri e ou te bay tout moun lavi. Fè kò ou ak san ou ki la a, delivre m anba tout peche m e anba tout mal. Ede m swiv lòd ou yo. Pa janm pèmèt pou m vire do ba ou.
Oubyen :
JEZIKRI, Granmèt, pa jije m, pa kondane m,
pou kò ou, m pral manje a e pou san ou m pral bwè a. Men, se pou yo soutni nanm
mwen ak kò mwen,
se pou yo geri m pou mwen kab zanmi ak ou !
Pè a: Ala chans pou moun sa yo, Jezi envite vin manje nan manje sa a ! Men Jezi mouton Bondye ki wete peche sou tè a.
Pè a epi fidèl yo : Granmèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen, di yon sèl pawòl e nanm mwen va geri.
Pè a: Se pou kò ak san Jezikri soutni nou pou lavi ki p ap janm fini an.
Fidèl yo : Amèn!
LAPRIYÈ APRE LAKOMINYON
BENEDIKSYON:
Pè a: Granmèt la avèk nou tout.
Fidèl yo: E avèk ou menm tou
Pè a: Se pou Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa a ak Pitit la ak Lesprisen an beni nou byen beni!
Fidèl yo: Amèn!
Pè a: An n ale ak kè kontan.
Fidèl yo: Mèsi, Bondye, mèsi