Rekonstwiksyon Legliz ak Lekol Imakile – Lili Akayè

Piayiti ak Fondasyon Monika vle remèsye tout donatè li yo k ap ede nan konstwiksyon Legliz ak Lekòl Imakile nan zòn Lili , Akayè.
Istwa Chapèl Lili – Pawas Senta – Akayè, Ayiti
Chapèl Lili fè pati pawas Senta, Akayè. Pè Desmèt, yon Pè kominote Esket te fonde li. Se Mis Bèta Elmont ak Elivoir Viljeant (Pè Vwa) ki te kenbe chapèl la. Lili se kote moun akeyi moun byen. Gen anpil pwason ak bèl plaj. Lamès oswa lofis la fèt chak Dimanch a 10 zè nan maten. Popilasyon an ka 15 mil moun konsa.
Nou te kòmanse nan lane 1993 lè Chapèl la te abandone. Nou leve figi Lili. Wout la fèt, lekòl la te bati, nou pase men nan Chapèl la. Anpil vizitè lòt bò dlo te vini. Men gen 3 moun espesyal ki te vizite Lili: Monseyè Serge Miot, Nons Apostolik Christophe Pierre ak Monseyè Eric Marie Grandas. Nou pa ka bliye moman sa yo. Tout Pè ki te konn ede nou espesaylman zanmi nou yo sou mòn Sen Benwa.
Chapèl Lili te dirije ak Marie Philomène Péan (Sè Filo) nan lane 1993 rive 2003. Karlz Jean Paul vin pran la relèv (2003-2019). Kounyeya se yon komite kap dirige chapèl la sou labanyè Charles Aschkar ki. Kire pawas la rele Vil Johnson. Fèt patwonal nou se 22 Out. Gen anpil aktivite kiltirèl.
Chapèl Lili byen òganize. Wap jwenn Koral, Nativite pou pèsonaj ak Etensèl pou timoun. Genyen yon komite pastoral ak sosyal. Men, nan lane 2010, tranbleman de tè kraze chapèl la. Ak konkou moun nan zòn nan epi dyaspora yo, nou mete chapèl la sou mwatye wout. Men kounyeya nou bloke. Gade foto sa yo.
Nap mande konkou tout moun bòn volonte pou ede nou rekonstwi Chapèl la. Nou genyen $HT71.000 ak $US790. Nou bezwen $US20.000 pou n ta mete kay legliz la kanpe. Kijan ou ka ede nou?
Mèsi davans.
Piayiti.org ak Monika Fondasyon
22 Out 2021 -Mès fèt la

