NOUVÈL SOU PIAYITI
TOUT DÈNYE NOUVÈL SOU LEGLIZ LA

Pozisyon Pè Achidyosèz Okap yo sou ensekirite jeneralize nan peyi Dayiti
Nòt pou :
Konferans Evèk Ayiti yo
Relijye ak Relijyez
Fidèl layik
Otorite kap dirije peyi a
Kominote entènasyonal la
Laprès
Tout moun ki gen bòn volonte
Yon pòv rele Bondye koute l (Ps 33, 2ss)
Se ak kè sere nou menm pè nan Achidyosèz Okap n’ap viv anlèvman pè, mè ak paran pè Jean-Aneld Joseph ki tap enstale nan kwadè boukè (Galèt Chanbon). Nou profite eksprime endinyasyon nou fas a gro kriz ensekirite k’ap taye banda depi kèk ane nan peyi Dayiti. Anpil fanmiy touche dirèkteman paske yo sibi zak asasinay, vyòl, vòl ak kidnapin ki dekapitalize yo nèt, sa debouche sou konpòtman dwòl anpil sitwayen paske yo tromatize. Se tout moun k’ap viv ak gro laperèz, anpil moun oblije kite peyi a akoz dezespwa ak gro enkyetid yap viv chak jou pi plis.
Peyi nou tankou yon kamyonèt san chofè, pèp ayisyen an ap viv tankou mouton san gadò. Sa ki pi tris la, sanble pa gen ankenn volonte bò kote dirijan yo pou konbat fenomèn malouk sa, ou ta di menm, se konsa yo chwazi gouvène peyi a pou kenbe pouvwa yo.
Gro kou ki tiye koukou a, se kidnapin ki fèt sou Pè Evens Joseph, Pè Joel Thomas, Pè Michel Bryant, Pè Jean Nicaisse Milien, Pè Jean Hugues Baptiste, Sè Agnès Bordeaux, Sè Anne-Marie Dorcelus, Mme Oxane Dorcelus, Mlle Lovely Joseph, M. Joly Welder, nan gro jou dimanch Mizerikòd la nan dat 11 Avril 2021 pandan yo te sou wout pou al nan mès enstalasyon yon konfrè. Safè anviron yon semèn depi bandi anlve frè ak sè nou yo. Nou santi nou touche plis nan zantray nou non sèlman pou tout moun machin ensekirite pase sou yo men sitou pou frè nou Pè Jean Hugues Baptiste, pitit dyosèz Okap la. Nou denonse ak tout fòs nou zak malonèt sa a ki endinye nou tout kòm ayisyen e kòm kretyen. Nou mande liberasyon prese prese e san kondisyon tout pè, mè ak paran pè Aneld ki nan men ravisè jiska prezan ak tout lòt moun ki anba men kidnapè.
Nan sans sa, nou menm pè dyosèz Okap la, nou mele vwa nou ak vwa fanmiy yo ak tout pèp Bondye a pou nou mande kanpe kidnapin nan, kanpe machin ensekirite a. Sa pa fè onè nou kòm pèp, e ankò menm tankou chèf kap dirije. Se pa vi sa Bondye vle pou nou. Nou prete vwa tout pèp Bondye a ki nan 10 dyosèz yo ki te pouse menm rèl pèp Izrayèl la nan dezè a nan mitan jounen 15 Avril la kote malerezman malfektè kontinye pèsekite pitit Bondye e derèspèkte Legliz la nan Pawas Sen Pyè Petyon Vil. Jezi Kri resisite pou nou gen lavi an abondans. Abraam dwe di sètase, Bondye tande rèl malere yo k’ap kriye « se tròp atò, nou bouke ». N’ap di moun kap dirije peyi a n’ap kontinye batay nan menm liy Konferans Evèk Ayisyen yo, paske pa gen sakrifis ki trò gran pou byenèt peyi a si nou fèmen lekòl, ak travay nan tout enstitisyon nou yo ak tout lòt antrepriz ak enstitisyon ki viktim ensekirite. Nou mande tout lòt dyosèz yo ak tout moun ki gen bòn volonte kontinye pote kole ak nou nan lapriyè ak nan aksyon konkrè nan lespri Konferans Evèk Ayisyen yo pou fòse gouvènman an pran mwayen apropriye pou kwape tout zak malonèt ki menase lavi ak diyite chak moun. Jezi Kri ki kraze lanmò ak tout sa ki mal la deja ban nou viktwa nan konba n’ap mennen kont fòs lanmò ki anvayi nou. N’ap kanpe debou jiskaske nou jwenn liberasyon total kapital frè ak sè nou yo. VIKTWA FINAL SE POU MOUN KI PÈSEVERE JOUS NAN BOUT.
cc : Achevèche Kap Ayisyen, CHR, CEH
16 Avril 2021
Nouvo konsèy Pèmanan Konferans Evèk Ayisyen yo

MESAJ EVÈK YO SOU KIDNAPING AN AYITI

NÒT EVÈK KATOLIK PEYI DAYITI YO KONT KIDNAPIN
“Sekou nou se nan men Granmèt la li ye” (Sòm 124, 8)
- Se avèk anpil endiyasyon ak revòlt nou aprann bandi kidnape 4 Pè kominote Sen Jak : Pè Evens
Joseph, Pè Michel Briand (Fransè), Pè Jean Nicaisse Milien, Pè Joël Thomas ; yon Pè Achidyosèz
Kapayisyen : Pè Hugues Baptiste ; 2 relijyez : Sè Anne Marie Dorcelus (Sè Sent Terèz) ak Sè
Agnès Bordeau (Fransèz nan kominote La Pwovidans) ak 3 fidèl layik, manm fanmi Pè Jean Arnel
Joseph: Madan Oxane Dorcelus (Manman li), Madmwazèl Lovely Joseph (Sè li) ak Mesye Welder
Joly (Parenn li). Sa rive jou dimanch 11 avril la, Dimanch Kè Sansib Bondye a, apre masak ki sot
pase sou Bèlè a. Bandi kidnape yo sou wout pandan yo ta prale nan enstalasyon Pè Jean Anel
Joseph kòm kire pawas Galette Chambon. - Depi pase kèk lane se sa ki lavi pèp Ayisyen an : bandi kidnape moun nan tout sektè, ata timoun
senkan, fanmi viktim yo peye lajan, epi yo lage yo si yo pa gen tan touye yo. Anpil moun yo
kidnape yo, yo imilye yo, vyole yo epi maspinen yo. Genyen nan yo ki pa janm tounen nan nòmal
yo ankò. Kilè sa ap fini? Kilès ki ka chanje sa? Eske peyi a pa vin enkontwolab? Yon bann fanmi
deja vann tout sa yo genyen pou peye bandi. Sa ki pi rèd la zak kidnapin tounen yon komès. Bandi
yo byen kore, yap aji san kè sote. Se sak fè yo gen pouvwa konsa. Nan jan sitiyasyon sa a ye la a,
sa ta sanble bandi sa yo gen plis pouvwa pase Leta ak Lapolis. - Nou denonse epi nou kondane ak tout fòs nou diktati kidnapin nan peyi nou. Nou pa dwe kite bandi
ap kontinye touye, vyole, kidnape lòt moun. Nan kafou nou rive la a, nou dwe travay pou nou
chanje kè nou ak mantalite nou. Nou dwe mete tèt ansanm nan lapriyè, nan fè jefò pou nou rive
gen yon lòt peyi ki sanble ak peyi Bondye vle pou nou an. Jezi ki leve byen vivan an se fòs pou
tout kretyen vivan nan batay nap mennen nan lavi a. Se sak fè menm jan avèk apot Pòl nou ka di:
“Nou nan boulvès men nou pa dezespere, nou anba pèsekisyon, men nou pa sèl pou kont nou. Yo
frape nou atè men yo pa fini ak nou” (2 Korentyen 4, 8-9). - Se nan sans sa a, nou menm Konferans Evèk yo ak CHR (Konferans Ayisyen Relijye yo) la, pou
nou pwoteste kont move zak sa yo nan peyi a, nou mande tout lekòl katolik, prezbiteral,
kongreganis, inivèsite ak tout lòt enstitisyon nou yo pou kanpe travay jou jedi 15 avril kap vini an.
Nou mande pè yo ak tout konsakre yo, tout ajan pastoral yo pou yo akonpaye epi kenbe pèp Bondye
a nan lesperans jan Pap Franswa te fenk di nou : « Pa kite difikilte yo kraze nou. Men an nou gade
devan ak konfyans epi lesperans ». Nou mande pou jedi 15 avril la nan tout peyi a tout klòch
sonnen a midi epi pou nou selebre lamès nan tout legliz nou yo pou mande Bondye chanjeman pou
Ayiti. Nan Pòtoprens, n ap selebre lamès nan legliz Sen Pyè Petion-Ville ak tout Evèk peyi Dayiti
yo menm jou a a midi. - Nou di mèsi epi nou kontinye konte sou tout moun ki fè solidarite ak nou nan lapriyè, nan pawòl
ankourajman ak mesaj yo voye pou nou. 6. Se pou Jezikri ki leve byen vivan ede nou konbat tout mal, tout vyolans ak diktati kidnapin ki
menase lavi pèp Ayisyen an. Se pou Manman Mari, Manman Pèpetyèl Sekou, Patwòn Ayiti,
lapriyè pou nou.
Nòt sa a soti nan Lilavwa, nan Kay kote Evèk Katolik peyi Dayiti yo abitye reyini, jou ki 13 avril 2021.
Monseyè Launay SATURNE
Achevèk Okap Ayisyen
Prezidan CEH
Monseyè Joseph Gontrand DECOSTE, SJ
Evèk Jeremi
Sekretè Jeneral CEH
Kadinal Chibly LANGLOIS
Evèk Okay
Monseyè Max Leroy MESIDOR
Achevèk Pòtoprens
Monseyè Yves Marie PEAN, CSC
Evèk Gonayiv
Monseyè Pierre André DUMAS
Evèk Ansavo ak Miragwan
Visprezidan CEH
Monseyè Marie Erick Glandas TOUSSAINT
Evèk Jakmel
Ekonòm CEH
Monseyè Quesnel ALPHONSE, SMM.
Evèk Fòlibète
Monseyè Désinord JEAN
Evèk Ench
Monseyè Charles Peters BARTHELUS
Evèk Pòdepè ________________________
Monseyè Ducange SYLVAIN, SDB
Evèk Oksilyè Pòtoprens
Monseyè Louis N. KEBREAU, SDB
Achevèk Emerit Okap Ayisyen
Monseyè Willy ROMELUS
Evèk Emerit Jeremi
Monseyè Jean Alix VERRIER
Evèk Emerit Okay
Monseyè Frantz COLIMON, SMM
Evèk Emerit Pòdepè
Monseyè Joseph LAFONTANT
Evèk Oksilyè Pòtoprens
MESAJ PÈ AYISYEN YO NAN DJASPORA A SOU DOSYE KIDNAPING NAN

Mesaj Solidarite ak Pèp Ayisyen an
Frè ak Sè nou yo, Konpatriyòt Ayisyen
1. Sitiyasyon malouk peyi nou an ap chire zantray nou. Soufrans ak rèl frè ak sè nou yo nan Peyi d Ayiti ap fann kè nou. Noumenm, Pè Katolik Ayisyen, k ap fè misyon nan mitan kominote Ayisyen ki nan peyi Etazini ak Kanada, se ak dlo nan je, epi nan lapriyè ak lafwa, nou voye mesaj solidarite sa a ban nou, kòm frè nou. Paske, “Zantray Bondye fè l mal anpil, lè l wè pitit li yo ap mouri.”Sòm 116, vèsè 15.
2. Nou ini nou avèk Konferans Evèk Katolik yo ann Ayiti e nou dakò avèk sa yo di nan mesaj 2 fevriye ki sot pase a. Evèk yo deklare: “Nan twou fènwa peyi a tonbe jodiya, Legliz la toujou bò kote moun ki pi fèb yo, legliz la toujou bò kote sa ki dwat. Yo te di byen klè tou: “Pa gen moun ki pi wo pase lalwa ak Konstitisyon an.” Nan menm lide sa a, nou kwè li klè kon dlo kokoye: sila a ki kenbe pouvwa Pèp la dèyè do lalwa a dwe fè tèt li menm egzijans li te fè lòt moun Pèp la te chwazi nan dènye eleksyon yo.
3. Frè ak Sè nou yo, devan soufrans anmè n ap sibi jodiya, ki defigire nou nan diyite nou kòm moun, sitou noumenm sila yo ki pi fèb nan popilasyon an, kote otorite peyi a ap pase dwa moun anba pye, nan abi ki depase tout limit, nou pa ka rete bouch be. Devan yon ensekirite k ap frape tout moun, e ki gen kòm mak fabrik: Gwoup bandi ki mete tèt yo ansanm pou fè asosyasyon, kidnaping ki vin tounen yon pratik nòmal, kadejak sou fanm ak timoun, ansasinay chak jou, san pitye pou tibebe, fanm ansent, tout kalite sitwayen, menm granmoun kokobe… Sitiyasyon sa a revòlte konsyans nou. Pèsonn pa ka aksepte l.
4. Mizè san parèy sa a twouble lespri. Peyi a vin tankou yon kay san fondasyon. Moun ki ta dwe bay pèp la sekirite pa fè sa yo ta dwe fè. Oubyen, èske se ta yon bagay ki planifye? Detoutfason, fòk sa chanje. Pap Janpòl 2 te di: “Fòk sa chanje nan peyi d Ayiti…”. Nan dènyè vwayaj Pap Franswa nan Peyi Irak, li deklare:”Sispann chache enterè pèsonèl sèlman, enterè zòt ki pa sou bò enterè pèp la! Sispann lide estremis yo. Twòp vyolans ak divizyon! Zak sovaj sa yo pa gen sans!”
5. Moun ki te sèmante sou Konstitisyon Peyi a pou yo respekte l e pou fè respekte l, n ap mande yo pran desizyon yo dwe pran daprè sa lalwa peyi a mande. Menm jan tou n ap adrese moun ki gen gwo mwayen yo, pou yo pran konsyans, devlòpman yon peyi pa ka fèt san patisipasyon tout moun. Peyi a ak tout richès ki ladan l se pa pou yon ti ponyen moun, osinon pou kèk asosyasyon politik, ekonomik, kit se nasyonal, kit se entènasyonal. Peyi a ak tout richès ki ladan l se pou tout pitit peyi a yo ye. N ap mande tout elit sosyete sivil la ak tout klas politik la an jeneral, pou yo egzamine konsyans yo. Li lè, li tan, pou yo mete tèt yo ansanm, nan chache tout bon vre, solisyon enpòtan peyi nou an bezwen, pou li soti anba kriz tèrib sa a.
6. Nan non lafwa nou nan Bondye lavi a, nou leve vwa nou byen fò pou nou di: Pèp Ayisyen an pa dwe janm sibi diktati ankò, ak yon sistèm ki ap fè abi sou dwa sivil, politik, ekonomik, lengwistik, dwa ki pi fondamantal yo, kote y ap esplwate richès ak resous natirèl peyi a kont enterè nasyon an.
7. Frè ak Sè nou yo, pa pèdi lespwa! Nou pase anpil move kalfou deja nan listwa nou kòm pèp. Nou sèten n ap travèse kalfou sa a tou depi nou met tèt ansanm. Jan sa make sou drapo nou an “l’Union fait la force,” Se nan tèt ansanm fòs nou chita. Se pou Manman Mari, Manman Pèpetyèl Sekou, Patwòn Ayiti cheri nou an, kore Pèp Ayisyen nan lapriyè, se pou l gide nou nan wout tèt ansanm pou nou rebati peyi nou an dekwa pou renmen, pwogrè, jistis ak lapè gaye sou tè nou an.
Premye Lis Non Pè ki Deja Bay Siyati Yo
Oubyen Ki Dakò Ak
Mesaj Solidarite ak Pèp Ayisyen an
Pè Katolik Ayisyen Misyonè
Nan Peyi Etazini ak Kanada
Prepare nan dat 17 Mas 2021
Trè Reveran Bishop Guy Sansaricq
Direktè Sant Nasyonal Apostola Ayisyen
Monseyè Pierre André Pierre
Asistan Direktè Sant Nasyonal Apostola Ayisien
Reveran Pè Marc-Arthur François
Kire Pawas St Patrick Assumption and All Saints Jersey City NJ
Reveran Pè Stanley Rousseau
Pawas Divine Mercy, Quincy, Massachussetts
Reveran Pè Carl Jean, CS
Responsab Apostola Ayisyen, Haitian Chaplaincy, Atlanta GA
Reveran Pè Edwige Carré
Kire Pawas Sen Lawrence, Nashville, Tennessee
Reveran Pè Jacques Fabre, CS
Administrate Misyon Katolik San Felipe de Jesus, Atlanta Ga
Reveran Pè Penn Churchill
Responsab Apostola Ayisyen, Haitian chaplaincy Bridgeport CT
Reveran Pè Wady Louis
Pawas Haitian Ministry, Venice Florida
Reveran Pè Jean Yvon Pierre
Kire Pawas Sen Jewòm, Brooklyn New-York
Reveran Pè Joseph Lin Eveillard
Kire Pawas Ottawa, Canada
Reveran Pè Jean Paul Souvenir
Hospital Ministry, Brooklyn New-York
Reveran Pè Guyma Noel
Pawas Sen Joseph, Marietta, Georgia
Reveran Pè Luc Philogène
Komite Aysisyen Washington DC
Reveran Pè Augustin Francois
Pawas Sen Jewòm, Brooklyn New-York
Reveran Pè gracia Breneville
Kire Pawas Notredam Mount Carmel, Boston, Massachussetts
Reveran Pè Gustave Miracle
Pawas St John Cambridge ak Sent Àn, Sommerville, MA
Reveran Pè Adain Dieuseul
Kire Pawas Holy Rosary ak Sen Michael, Elizabeth, New Jersey
Reveran Pè Yvan Jason
Kire Pawas Sent Mother Theresa, Camden, New Jersey
Reveran Pè Lucon Rigaud
Kire Pawas Notredam Refuge ak Holy Innocents, Brooklyn, NY
Reveran Pè Fritz Ligondé
Kire Pawas Venice, Florida
Reveran Pè Joseph Lin Eveillard
responsab Kominote Ayisyen Ottawa, Kanada
Reveran Pè Rony Fabien
Kira Pawas Sent Martha, Long Island, NY
Reveran Pè Eden Jean-Baptiste
Pawas Sen Boniface, Elmont, Long Island, NY
Reveran Pè Kesnel Métellus
Apostola Ayisyen
Reveran Pè Esteker Elysée
Apostola Ayisyen
Reveran Fritzner Bellonce
Apostola Ayisyen
Reveran Pè Alain Dieuseul
Kire Pawas Holy Rosary & St Michael, Elizabeth, NJ
Reveran Pè Jackson Colon
Chicago, IL
Reveran Pè Calonge Lemaire
(Jacksonville, FL)
Reveran Pè Pierre Dorvil
Tampa, FL
Reveran Pè Lesly Jean
Miami, FL
Reveran Pè Eugene P. Squeo
Fondatè Kominote Ayisyen nan Jersey City NJ
Reveran Pè Francis E. Schiller
Fondatè Kominote Ayisyen nan Legliz Sen Patrick NJ
Reveran Pè John ‘Jack’ Martin
Fondatè, Prezidan Rezo Solidarite Nòdès Etazini ak Ayiti (HSNNE)