
Men kèk moman enpòtan nan lavi Pap Benwa 16 dapre kèk Ajans Nouvèl tankou Vatikan (Vatican News)[1] , lòt medya ak kòmantè mwen fè sou evènman sa:
Non : Joseph Aloisius
Siyati : Ratzinger
Dat li fèt: 16 Avril 1927 (Samdi dlo beni)
Batèm : 16 Avril 1927 (Samdi dlo beni)
Lanmò : 31 Desanm 2022 (Samdi Fèt Sen Silvès)
Laj: 95 lane
Fineray: 5 Janvye 2023
Selebran: Pap Franswa (Jorge Mario Bergoglio)
Orijin
Vil li te fèt: Marktl am Inn, Dyosèz Passau (Almay)
Papa: Joseph Ratzinger Sr.. Li te yon Polisye. Fanmy la te konn kiltive latè.
Manman: Maria Ratzinger. Li soti nan fanmy atizan. Li te travay nan kizin anpil otèl anvan l te marye.
Kòm timoun, Jozèf Ratzinger te renmen mizik. Li te jwe: piano, vyolon ak òg. Li te renmen literati, atizana, matematik ak lasyans. Jozèf kominye a 8 tan. Li resevwa konfimasyon nan laj 14 zan. Li te pi gran nan pami frè l ak sè l yo. Frè a te rele ‘Georg’ ki te vin Pè tou. Sè a te rele Maria.[2]
Jenès li
Jozèf Ratzinger pase lavi jenès li, nan vil Traunstein. Se yon ti bouk tou pre fwontyè peyi Otrich, 30 kilomèt vil Salzburg. Se nan anviwònman sa, li resevwa fòmasyon kretyen, kiltirèl ak sosyal.
Men jenès li pat fasil. Jozèf Ratzinger leve anba rejim Nazi. Rejim sa pat vle wè Legliz Katolik. Yo te konn bat Pè yo anvan lamès. Men lafwa ak edikasyon li resevwa lakay li, te ede l simonte sa. Paran l yo te bon Katolik. Jozèf te enwole tou nan pati Lame ki okipe defann lènmi an, pa anlè, (auxiliary anti-aircraft – AAA) jis rive Septanm 1944.
Pè Jozèf Ratzinger
Soti 1946 rive 1951: Jozèf etidye filozofi ak teyoloji nan vil Freising ak Munich (peyi Almay).
Òdinasyon: 29 Jyen 1951.
Pwofesè Jozèf Ratzinger
Touswit Jozèf Ratzinger fin òdone, li kòmanse anseye nan Freising, peyi Almay. An 1953, li fè yon doktora nan teyoloji. Apre sa, li pase anpil kote pou anseye teyoloji. Tèz li te baze sou : ‘Pèp la ak Kay Bondye a’.
Soti 1962 rive 1965, Pè Jozèf Ratzinger te bay yon kout men nan Konsil Vatikan 2. Yo te konsilte l kòm espesyalis nan teyoloji, sitou li te akonpaye Achevèk Kolòy la, Kadinal Joseph Frings.
1972: Jozèf Ratzinger pibliye jounal “Communio” ki vle di Kominyon. Li te mete ak gwo Teyolojyen tankou: Hans Urs von Balthasar ak Henri de Lubac pou pibliye jounal sa. Pè Jozèf te yon nèg ki te fè anpil rechèch syantifik. Sa vin fè Konferans Episkopal Almay la, ak Komisyon Entènasyonal Teyolojik la, nome l nan plizyè pòs.
Evèk ak Kadinal
25 Mas 1977: Pap Pòl 6 (Giovanni Battista Enrico Antonio Maria Montini) nome Pè Jozèf Ratzinger Achevèk vil Munich ak Freising nan peyi Almay.
28 Me 1977: Òdinasyon episkopal (Se te premye fwa apre 80 lane yon Pè dyosezen tap mennen bak Achidyosèz Bavaryen an, nan peyi Almay. Monseyè Jozèf Ratzinger te chwazi kòm anblèm li: ‘Kolaboratè nan laverite”.
27 Jyen 1977 : Pap Pòl 6 nome Monseyè Jozèf Ratzinger, Kadinal, ak yon tit “Santa Maria Consolatrice al Tiburtino”, ki vle di Sent Mari Konsolatris nan Tiburtino.
25-26 Out 1978 : Kadinal Ratzinger patisipe nan eleksyon pou nome Pap Jan Pòl Premye (Albino Luciani). Li tou nome l Anvoye Espesyal nan 3e Kongrè sou Mari, nan peyi Guayaquil (Ekwatè), ki te fèt 16 pou rive 24 Septanm 1978.
Oktòb 1978: Kòm Pap Jan Pòl Premye mouri, Kadinal Jozèf Ratzinger patisipe nan eleksyon Pap Jan Pòl 2 (Karol Józef Wojtyła).
1980-1983: Kadinal Ratzinger te pòt pawòl 5e Òdinè Asanble Jeneral Sinòd Evèk yo sou tèm: “Wòl Fanmy Kretyen yo nan Tan Modèn nan”. Nan lane 1983, nan 6e Asanble sou “Rekonsilyasyon ak Konfesyon nan Misyon Legliz la Jodiya’, Kadinal la te patisipe tou.
1983-2000: Kadinal Jozèf Ratzinger te tèlman okipe plas nan Legliz la, nan pwen plas pou 2-3 fèy kaye pa m yo, pran tout pozisyon sa yo. Li te Prefè pou Doktrin Lafwa, Prezidan Komisyon Pontifikal sou Labib ak Komisyon Entènasyonal sou Teyoloji, 25 Novanm 1981.
15 Fevriye 1982 : li bay demisyon l sou tèt gouvènans Achidyosèz Munich ak Freising la.
5 Avril 1993 : Pap Jan Pòl 2 nome Kadinal Jozèf Ratzinger, chèf Monseyè yo ak tit ‘‘ Co-cathédrale du diocèse suburbicaire de Velletri-Segni’ ki ta vle di : pataje dyosèz sa ak moun yo.
1986-1992: Kadinal Ratzinger te Prezidan Komisyon Katechis Legliz Katolik la. Apre 6 lane, li prezante fwi travay ekip la bay Pap la.
6 Novanm 1988: Pap la mete l Vis Prezidan Kolèj Kadinal yo.
30 Novanm 2002: Pap Jan Pòl 2, nome Kadinal Jozèf Ratzinger, Prezidan Kolèj Kadinal yo.
Nan pwen yon komisyon Kadinal Ratzinger pat ladan l. Keseswa Sekretarya Konsil pou relasyon ak Leta, Kongregasyon pou Legliz Oryental yo, Litiji, Sakreman ak Fason pou n adore, Evanjelizasyon Pèp yo, Lekòl Katolik yo, Monseyè, Pè ak Kòz Sen yo; Konsil Pontifikal pou pwomosyon kilti ak linite nan mitan Kretyen yo; Tribinal ki pi wo a, Komisyon Pontifikal pou Amerik Latin (Ecclesia Dei); Entèpretasyon nòmal sou Konstitisyon Lwa Legliz la epi ak Revizyon Konstitisyon Lwa pou Legliz Oryantal yo.
Prefè Kongregasyon Doktrin Lafwa (CDF) [1981-2004]
1999: Pap la voye Jozèf Ratzinger l reprezante l nan selebrasyon 12e Santenè Dyosèz Paderborn nan peyi Almay. Selebrasyon sa te fèt 3 Janvye.
13 Novanm 2000: Depi dat sa, Kadinal Ratzinger te yon gwo figi nan Vatikan. Li resevwa tout onè akademik oswa entelektyèl nan zafè lasyans.
2001: Apre lane 2001, Kadinal Ratzinger te gen responsabilite pou regle zafè abi seksyèl, ki te konn fèt nan Legliz la. Men li admèt li pat regle sa kòm sa dwa, ni anvan oswa lè l vin Pap.[3]
Akademi – Entelektyèl
1984-2000:Kadinal Ratzinger te ekri anpil liv sou Lavi kretyen, Kredo a, Lafwa, Laverite, Sèl Tè a, Teyoloji, Prèch, Doktrin Legliz la, elatriye. Konferans ak refleksyon li ekri yo, vin sèvi yon bibliyotèk pou moun ka konsilte. Konsa li resevwa anpil onè doktora nan plizyè inivèsite tankou: Almay, Espay, Etazini, Pewou, Polòy ak Wòm.
Pap Benwa 16
19 Avril 2005: Avèk lanmò Sen Pap Jan Pòl 2, Joseph Kadinal Ratzinger vin tounen 265e Pap avèk non ‘Benwa 16’. Se li ki te Pap ki pi granmoun depi 1730. Epi se li tou, ki dire plis tan, kòm Kadinal depi 1724.
11 Fevriye 2013 : Pap la bay demisyon l paske li santi kouraj ak lespri l tap febli.
28 Fevriye 2013 : Pap la di babay ak pòs pontifikal la. La l pran retrèt li nan Monastè Vatikan, ki rele ‘Mater Ecclesiae” jiskaske l mouri.
Kòmantè
Kisa lavi Pap Benwa 16 fè nou konprann ? M fyè pou Pèp Alman ki toujou ap envesti nan edikasyon pitit yo. M panse edikasyon militè a, te ede Joseph Ratzinger gen disiplin nan lavi l. M fè Legliz Katolik Women an konpliman, dèske l te bay nèg sa, tout posibilite pou evolye nan domèn entelektyèl, syantifik, mizik ak lafwa.
Men poukisa yo te blije bay tout opòtinite sa yo? Kote ti nèg nan bwa, nèg po wouj, mawon ak nwa yo? Legliz sanble gen yon anblèm: ‘apre nou, se nou’. Si w pa gen piston, ou pa ladan l! M respekte Pap Benwa 16 anpil, sitou li te yon bon zanmi, pou yon zanmi m Fransè kap viv nan vil Vèsay. Men, m pat janm anvi rankontre l, menm lè l te Pap. M santi li pat gen ase ouvèti pou layik yo, espesyalman fi yo nan Legliz. M pa renmen jan Pap Benwa 16 tap kache fèy kouvri sa, nan zafè abi seksyèl la, tankou Sen Pap Jan Pòl 2 te fè l la. Se konmsi lavi timoun inosan yo, pat janm di Bondye anyen. Kòman Legliz ka fete fèt Sen Inosan yo, chak 28 Desanm, epi bliye masak seksyèl kap fèt sou timoun, jèn, seminaris, relijye ak adilt akoz pouvwa ak delenkans Klèje a?[4]
Pap Benwa 16 te yon bon soutyen pou Pap Franswa ki la kounyeya. Li gade silans etan li tap lapriyè pou Legliz la. Mwen fè l konpliman pou kouraj li te genyen, dèske l pase lamayòt la, bay yon lòt Pap. Pap Benwa 16, nou pap bliye w ! Nap di w mèsi pou tout sakrifis ou te fè pou Legliz la. Men nou konte tou, sou Pap Franswa (Jorge Mario Bergoglio) ki se Ajanten epi Jezwit, pou kontinye kondi bak Legliz la nan : detachman, senplisite, laverite ak jistis.
‘‘Se pou nanm Pap Retrete Joseph Aloisius Ratzinger repoze ak kè poze’’.
Marie Philomène Péan, D.Min. : Otè ak Tradiktè.
[1] Vatican News, “Death of Pope Emeritus Benedict: his official biography”, Vatican News, December 31, 2022. https://www.vaticannews.va/en/vatican-city/news/2022-12/pope-emeritus-benedict-xvi-official-biography.html. (konsilte 31/12/2022).
[2] Christian Apostles.com, “Biography of Pope Benedict XVI”, Christian Apostles, January 2023, https://christianapostles.com/biography-of-pope-benedict-xvi/. (konsilte 3/1/2023).
[3] Photos: Maktl am Inn, Bavaria – “Views of Pope Benedict’s Birthplace”,The German Way & More, January 2023, https://www.german-way.com/photo-gallery/marktl-am-inn-bavaria/. (konsilte 3/1/ 2023).
[4] Mt. 2, 13-18 (Bib la an Kreyòl, www.fouyebible.com).
Laisser une réponse
Vous devez vous connecter pour publier un commentaire.