JISTIS POU LATÈ NAN PEYI AYITI – Revizyon Liv: “Social and Ecological Justice in Haiti” – Germain Clerveau (Otè) Pibliye pa Marie Philomène Péan, D.Min.


Nan liv Germain Clerveau a, m dekouvri kèk leson:

  1. Ijans pou tè a, kap pati al nan lanmè chak ane. Dapre nèg save Ayisyen Louis Auguste Joint, genyen yon lavalas bon tè, ki al bwa chat nan peyi lanmè.
  • Forè nou yo fin ratibwaze. Jèn yo pa menm konnen si forè te egziste Ayiti. Sa yo wè nan je yo, se dezè Savann dezole kòm yon egzanp.
  • Istwa peyi a te kòmanse ak destriksyon lanati, epi ak moun ki te ladan l yo tou. Panyòl ak Kristòf Kolon pran richès peyi a pote lakay yo. Yo asasine premye pèp ki te la yo. Fransè yo menm vini ak esklav Afriken pou esplwate tè a, epi anrichi peyi yo. Ayisyen pèdi diyite yo. Yo pa fouti jwenn yon ti mouchwa, ki ta siye dlo nan je listwa, ak konsekans esklavaj peyi Dayiti.

Èske gen solisyon pou pwoblèm sa yo ? Germain pwopoze kèk solisyon tankou:

  1. Jistis 2. Solidarite 3. Kè sansib

Se nan doktrin Legliz la, Germain chèche rasin pou kore lide l yo. Soti depi nan Pap Pi 12, pase pran Pòl 6, Jan Pòl 2, Benedik 16 ak pap Franswa ki la jodiya; yo tout te di mo pa yo. Yo rakonte kòman lanati fè yon sèl ak lèzòm, tout bèt ki sou latè, dlo, wòch, lagrèl epi lè nap respire a. Yo di si pou lèzòm gen kè kontan, fò yo ta jwenn, tout sa yo bezwen pou viv sou tè a.

Kifè se solidarite ki kle koze a. Moun andeyò fè konbit, yo mete tèt ansanm, jan ‘Jacques Roumain’ di l nan “Gouverneur de la rosée”. Konsa, si Ayisyen nan peyi a ak nan dyaspora pran konsyans degradasyon tè a, yap ka fòse gouvènman pran responsabilite l. Germain voye yon koukouwouj tou, bay Legliz, sektè prive a, ONG, ajans entènasyonal yo ak lòt peyi yo pou pote kole.

Ayiti bezwen yon te anmè, pou l ka refè. Sa mande chak moun, pote tout fèy entelektyèl, ekonomik, ak bon bra pou konpoze te sa. Germain deja prepare plan chak dòz pou Ayiti pran, nan liv sa. https://libroterra.com/shop/social-science/social-and-ecological-justice/

Laisser une réponse