Siy lakwa

Onon Papa, ak Pitit la, ak Lespri Sen an.

Papa nou

Papa nou ki nan syèl la,
Se pou yo respekte non ou.
Se pou yo rekonèt se ou ki Rwa.
Se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la.
Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodiya.
Padone sa nou fè w,
tankou nou padone moun ki fè nou kichòy.
Pa kite nou pran nan pyèj,
men delivre nou ak sa ki mal.
Amèn.


Mari se pou w kontan

Mari se pou w kontan. Ou menm ki plen favè, Granmèt la avèk ou.
Li beni w pase tout fi. E li beni Jezi, pitit ou fè a.
Mari, ou sen. O se manman Bondye, nou se pechè.
Lapriyè pou nou jodiya. Ak lè nou prèt pou mouri.
Amèn.

Viv Bondye nan syèl la!

Viv Bondye nan syèl la!
Sou tè a, se pou moun li renmen yo, viv ak kè poze.
Nap fè lwanj pou ou. Nap di jan ou debyen. Se ou nap adore.
Nap fè bèl konpliman pou ou. Nap di w mèsi pou valè bèl ou bèl.
Bondye, ou se Granmèt, ou se Rwa nan syèl la.
Bondye, ou se Papa, ou genyen tout pouvwa.
Jezi Kri, ou se Granmèt, ou se sèl Pitit.
Ou se Bondye, ou se Granmèt.
Ou se mouton Bondye. Ou se pitit Papa.
Ou menm ki wete peche sou tè a, tanpri, pitye pou nou.
Ou menm ki wete peche sou tè a, koute priyè nou an.
Ou menm ki chita adwat Papa, tanpri, pitye pou nou.
Jezi Kri, se ou menm sèl ki sen. Ou menm sèl ki Granmèt. Ou menm sèl ki anwo nèt, ansanm ak
Lespri Sen an, nan bèlte Bondye Papa.
Amèn.

Kredo

Mwen kwè gen yon sèl Bondye.
Se Papa a. Li gen tout pouvwa. Li kreye syèl la ak tè a.
Li fè tout sa moun wè ak tout sa moun pa wè.
Mwen kwè gen yon sèl Granmèt.
Se JeziKri, sèl pitit Bondye a.
Li se pitit Papa depi anvan tout tan.
Li se Bondye nan Bondye, limyè nan limyè a.
Bondye tout bon vre, nan Bondye tout bon vre a.
Li se pitit, men se pa kreye yo kreye li.
Li se menm Bondye ak Papa a.
Se pa pouvwa li tout bagay fèt.
Se pou tout moun. Se pou l vin sove nou, li desann sot nan syèl.
Se pa pouvwa Lespri Sen an, kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj,
[Etan n ap di sa, nou bese tèt nou] E li tounen yon moun.
Se poutèt nou toujou, yo kloure li sou yon kwa.Li soufri sou reny Pons Pilat. Li mouri, e yo antere li.
Sou twazyèm jou, li leve, jan labib la te di a.
Li monte nan syèl, e li chita adwat Papa a.
Li gen pou l retounen avèk tout pouvwa li,
Pou l jije ni moun kap viv, ni moun ki mouri
E li va Rwa pou tout tan.
Mwen kwè gen Lespri Sen an.
Li se Granmèt e li bay lavi.
Li se Lespri Papa ansanm ak Pitit la.
Yo adore l ansanm ak Papa a, ansanm ak Pitit la.
E li jwenn menm lwanj ak yo.
Se li ki tap pale lè pwofèt yo tap pale.
Mwen kwè gen yon sèl Legliz,
ki fè yon sèl kòt fanmi.
Li sen. Li la pou tout moun. Se sou Apot yo li bati.
Mwen rekonèt gen yon sèl batèm pou padone peche.
Map tann tout mò leve. Map tann lavi kap vini an. Amèn.

Sen

Se ou ki sen. Se ou ki sen. Se ou ki sen tout bon.

Bondye, se ou ki Granmèt tout sa ki nan syèl la. Bèlte w plen syèl la ak tè a.

Bravo pou sila kap vini onon Granmèt la. Viv Bondye nan syèl la!


Mouton Bondye

Jezi, ou menm Mouton Bondye, ki wete peche sou tè a, tanpri pitye pou nou. (2 fwa)

Jezi, ou menm Mouton Bondye, ki wete peche sou tè a, aprann nou byen viv ansanm.