Lavi Sen Alfons Ligouri Fondatè Redanmtoris yo

SEN ALFONS LIGOURI

27 Septanm 1696 – 1 Dawout 1787

Chak moun ki egziste, se yon patrimwan limanite. Yon
patrimwan se yon byen, paran kite pou pitit li, ak tout pitit, pitit li yo. Pa
egzanp, Sitadèl nan peyi Ayiti, se yon patrimwan limanite. Sa vle di, se yon
byen, ki la pou tout Ayisyen ; men tou, pou tout moun kap viv sou tè a.
Jodi a nou vle prezante w, yonn nan patrimwan Legliz la, ki se Sen Alfons Ligouri.
Ret sezi:

 Alfons te fèt nan yon vil ki rele Nap (Naples),
peyi Itali; jou madi ki te 27 Septanm 1696.  Alfons te entèlijan anpil. A
16 zan, li te diplome ak yon doktora nan dwa sivil ak dwa kanon (règleman ki
regade Legliz). Alfons te travay kòm Avoka pandan 10 lane. Li te toujou bay bon
temwayaj kretyen. Men peyi Nap te chaje ak koripsyon nan lajistis. Magouyè
fè kont mal taye sou do Alfons. Yo vòlè kòz li te plede a. Poutèt sa, Alfons kite
metye avoka. Lè l tap kite tribinal la, li di: “ O lemonm, ou fè m wè longè
grif ou. Men se pa mwen wap jwenn ankò.’’

Se komsi yon lòt vwa tap tann Alfons dèyè tribinal la ki
di l : “ Kite monn sa, fè m kado lavi w.”  Alfons rekonèt se te vwa
Bondye. Ak dlo nan je, li ta chante yon chante konsa: “ Bondye tout mwen menm
se pou ou. Tout sa m ye, tout vi mwen tout mwen menm. Mwen vin pote tèt mwen ba
ou. Pou m sèvi ou menm sèl ak tout kè m, men mwen.” Apre sa, Alfons al depoze zam
li a, nan yon Legliz ki rele Sent Vyèj. Li ranplase l ak abiyman Legliz. Li antre
nan seminè, li etidye teyoloji. Apre 3 lane, misye vin Pè.

Responsab Legliz yo voye Pè Alfons  nan peyi lakay li, Nap, pou fè misyon. Apre
plizyè lane ap travay nan vil Nap, Alfons tonbe malad. Doktè ki tap trete l
la,  mande pou l al pran repo andeyò kote
k gen  lanati.  Se konsa, Alfons ateri nan yon ti mòn ki rele
Eskala. Bondye sèvi ak maladi sa, pou fè Alfons, dekouvri yon pòsyon nan pèp li
a ki te abandone. Moun yo pat jann tande Pawòl Bondye. Kè Alfons te fè l mal;
li charye tout bagay li, pou l al viv ak pèp sila.

Pè Alfons travay kon ti bourik pou simaye Bònn Nouvèl la.
Men lè l wè l pou kont li, li chèche ranfò. Se konsa Alfons fonde yon kominote
relijyez ki rele: “Kongregasyon Trè Sen Redanmtè, (C.Ss.R) oswa Redanmtoris.
Relijye sa yo gaye anpil Ayiti sou pawas Sen Jera, Pòtoprens, ak lòt kote. Nan
Boston, yo nan Legliz Pèpetyèl, ki rasanble tout Ayisyen, chak ane pou fèt Pepetyèl,
Patwòn peyi Ayiti.  Kongregazyon Redanmtoris yo pouse zèl, yo prèske nan
tout peyi sou latè. Mak fabrik yo, se preche Bòn Nouvèl la bay pòv yo, sitou
moun ki plis abandone yo. 

Alfons te renmen Jezi ak Mari anpil. Chak fwa lap siyen
yon lèt, li ajoute:‘JMJ’ ki vle di : Jezi, Mari ak Jozèf”.  Anplis
travay li kòm misyonè, Alfons te ekri plizyè liv sou lapriyè ak moral. Pou jan li
te angaje nan travay Bondye, Pap la nome li, Evèk Sen Agat, 14 Jyen 1762. Yo
enstale li, 20 Jyen menm ane a. Men misyon sa pat fasil pou Alfons. Li te
rankotre anpil difikilte. Pwòp papa l te imilye l, li rele l moun fou. Zanmi, fanmiy
ak  premye gwoup frè ki te ak li nan
misyon an, yo tout te pati kite l.  Malgre sa, li pat dekouraje.  Malerezman,  premye dawout 1787, Alfons te fè vwal pou peyi
Papa Bondye. Li te gen 91 lane. Kèk lane vin kouri, Legliz louvri kòz Alfons
pou l vin sen.  Apre sa, jou ki te 4 Me
1796, Legliz deklare l kòm ‘Modèl. Nan lane 1816, li vin ‘Sèvant’ prèske sou
chemen pou vin Sen. Epi ki di ki fèt, Legliz deklare Alfons Sen nan lane
1839.  Sa pa fini, nan lane 1871, Legliz ajoute sou grad li, yo rele Sen
Alfons Ligouri : ‘Doktè Legliz ’.   

Pou n retounen
sou zafè patrimwann nou te kòmanse a, Sen Alfons Ligouri fè nou sonje, nou chak
se yon byen Bondye Papa kreye, pou sipòte chak grenn moun sou tè a. Se sak fè,
se pou nou fè byen toutotan nou kapab epi evite fè mal tout tan nap viv. Pran
Sen Alfons Ligouri pou modèl, medite sou lavi li. Konsa, nap genyen plis
materyo, pou n bati patrimwan Bondye vle nou ye a, pou fanmiy nou, kominote
nou, peyi nou, ak tout rès limanite.

Moun ki ekri atik sa, se Pè Pierre Desruisseaux,
C.Ss.R, Redanmtoris kap travay nan Achidyosèz Boston. Nou vle di mèsi tou pou
Pè Alfred Lorant, dyosèz Fòlibète, Ayiti, ki te pote  anpil lide. Si n gen kesyon konsènan atik sa
kontakte:

Marie Philomène Péan, D.Min., Akonpayatè
Espirityèl ak Malad  epi Animatris
Pastoral

Kouryèl : Piyaiti@comcast.net –
Tel: 857-312-8930.

@ Mak Fabrik 2018.
Ou bezwen pèmisyon pou w itilize
atik sa.

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *